Your dream starts with CUNYlogo

MODÈL IMÈL POU MOUN KI BAY SWEN

Yon plas nan CUNYap tann elèv ou a — Aplike gratis epi garanti plas Li!

Chè Moun Kap Bay Swen,

Nou kontan wè sa elèv ou a deja akonpli nan lekòl segondè, epi nou vle pataje opòtinite ki disponib pou li. CUNYofri plis pase 2,800 pwogram diplòm  nan 21 pwogram ansèyman siperyè premye nivo.

Nou ankouraje pitit ou a pou l aplike nan yon fakilte CUNYki dire katran. Yo gen yon plas garanti tou nan youn nan fakilte ekselan dezan CUNYyo depi yo jwenn diplòm yo oswa ekivalans lekòl segondè yo nan mwa out la.

Ant 15 septanm ak 16 novanm, elèv ou a kapabaplike nan ³Ô¹ÏÊÓÆµ epi ekonimize $65!

Si pelèv ou a deja resevwa nenpòt kredi CUNYpandan li nan lekòl segondè, kredi fakilte sa yo ap konte pou diplòm CUNYli a. Kredi yo te jwenn pandan w nan lekòl segondè reprezante yon ekonomi estime ant $210 a $305 pou chak kredi*, , tout pandan y ap pèmèt elèv ou a rive konplete yon diplòm nan domèn li chwazi a. Planifye tranzisyon yo ak T-Rex, CUNYa ki montre kijan kredi yo ap transfere. (Gade ti sa a pou wè kijan transfè kredi fonksyone). Sou T-Rex, ou pral vle chwazi “High School to ³Ô¹ÏÊÓÆµâ€� nan meni ki agoch ​​la si yo te pran kou College Now, Advanced Placement Credit (AP) oswa Pwogram Egzamen Nivo Fakilte.

*Ekonomi estime yo varye selon kote elèv la abite, enstitisyon an, ak pwogram etid la.

Poukisa Fanmi yo Chwazi ³Ô¹ÏÊÓÆµ

Frè Eskolè Abòdab: Avèk anpil èd finansye ki disponib pou rezidan Eta Nouyòk yo, pifò elèv CUNYyo gradye san dèt. Sèvi ak nou an pou w wè kijan yon edikasyon CUNYka abòdab pou fanmi w. Kòmanseaplikasyon èd finansye elèv ou a kounye a.

°¿±èò³Ù¾±²Ô¾±³Ù±ð: CUNYofri yon seri pwogram sipò tankou ASAP, SEEK, ak College Discovery, ansanm ak yon seri konplè sèvis pou elèv yo pou bay èd ak sipò lè sa nesesè. CUNYprepare tout moun pou siksè.

Sèvis Aksè: CUNYofri sèvis ak sipò pou elèv ki andikape. Lè w sèvi ak CUNYAccommodate, sistèm sou entènèt pou tout fakilte CUNYyo, ou ka aprann plis bagay sou aranjman epi mande aranjman. Elèv ki vle dokiman edikasyon espesyal yo pataje ak CUNYdwe pale ak ekip IEP yo a oswa ale sou pou enstriksyon.

Pwogram ki prepare w: Gade pwogram ki pa koute chè tankou CLIP (sipò lang Anglè) oswa CUNYSTART (pwogram preparasyon akademik pou matematik oswa Anglè). Yo fèt pou ede elèv yo santi yo gen plis konfyans epi prepare pou fakilte.

Preparasyon Karyè: Vil Nouyòk se yon kote ki enkwayab pou lansman nenpòt karyè epi CUNYkonsantre sou prepare elèv yo pou travay rèv yo depi lè yo rive nan etablisman an. CUNYpral ede etidyan yo jwenn staj nan konpayi nan vil la moun plis vle travay ladan yo, ansanm ak pwogram fòmasyon ki adapte ak bezwen yo, estaj yo peye, pwogram konsèy ak ankadreman, ak plis ankò.

Yon Kominote Akeyan: CUNYenteresan, divès epi akeyan menm jan ak Vil Nouyòk! Elèv ou a pral rantre nan yon kominote elèv vibran ki soti toupatou nan vil la ak nan monn nan, kote yo pral gen chans plonje naN plizyè santèn òganizasyon ak gwoup oswa NCAA oswa NJCAA sports.

Li gratis pou aplike nan inivèsite CUNYyo soti 15 septanm pou rive 16 novanm, kidonk pa rate chans sa a pou ekonomize $65.

Ou pare pou w kòmanse? Ale sou . Nou pa ka tann pou nou wè [STUDENT NAME] nan yon etablisman CUNYane pwochèn!

Félix V. Matos Rodríguez
Chanselye ³Ô¹ÏÊÓÆµ
Kamar H. Samuels
Chanselye NYC Public Schools

Si lekòl segondè elèv ou a se yon lekòl FutureReady li ka ap suiv youn nan pwogram ki annapre yo: